Sovgade Souvni Familyal yo
Sovgade Souvni Familyal yo
Eseye aktivite senp sa yo pou kòmanse sovgade ak pataje trezò enpòtan fanmi w yo.
Men kèk iaktivite ki pou ede w derape:
Lavi a bati ak istwa ki dokimante lajwa ak trajedi lavi yo. Prezève istwa nou yo ka beni jenerasyon fiti yo.
4 etap
Telechaje ak pataje yon foto
Etap 2: Tape bouton(+)la. Chwazi yon foto apati memwa òdinatè w la oswa kamera aparèy mobil ou a.
Ou ka menm enpòte yon imaj nan Google, Facebook, oswa Instagram.
Etap 3: Ajoute enfòmasyon enpòtan tankou kimoun (oswa kisa) ki nan foto a, deskripsyon, dat ak andwa a.
Etap 4: Klike Pataje epi chwazi kijan w ta renmen pataje foto a.
5 etap
Rakonte yon istwa - Anrejistre yon souvni
Etap 2: Ou ka tape oswa ajoute istwa yo kòm fichye PDF, oswa fichye odyo.
Etap 3: Tape bouton Ajoute Souvni(+)la epi chwazi Kreye yon Istwa (òdinatè) oswa Ekri Istwa (mobil).
Etap 4: Antre yon tit pou istwa a.
Etap 5: Itilize klavye aparèy ou a oswa opsyon dikte a pou antre tèks istwa a.
Pa enkyete w si istwa a sanble l kout oubyen si w pa gen tan pou w repase l oswa edite li. Fokis sou konsève yon souvni—li pa oblije pafè. Ou ka retounen epi edite l si nesesè.
Etap 6: Tabli viziblite pou pou l vizib an Prive oswa an Piblik.
Etap 7: Opsyonal: Ajoute foto ki ede ilistre istwa a.
Etap 8: Tape sovgade
Etap 9: Istwa a prezève nan souvni w yo. Ou ka pataje lyen an nan yon imel oswa tèks, oswa atravè rezo sosyal.